Ki moun ? Jezi

« […] Moun ki va rele Bondye va delivre » Travay 2.21

 Je suis heureuse

  

Ki moun ? Jezi

 

Ki moun k’ap delivre m ? Jezi

Ki moun janm lage m ? Jezi

Ki moun k’ap fè m bwè lo ki bay la vi ? Jezi

Ki moun koute lapriyè mwen ? Jezi

 

Ki moun k’ap beni m? Jezi

Ki moun k’ap sonde m ? Jezi

Ki moun k’ap ba m tou sa m bezwen ? Jezi

Ki moun k’ap fè m jistis ? Jezi

 

Ki moun toujou ak mwen ? Jezi

Ki moun fè m prann repo ? Jezi

Ki moun gado mwen ? Jezi

Ki moun delivre mwen ? Jezi

 

Ki moun fè disparèt pwoblèm mwen ? Jezi

Ki moun ba m recompense ? Jezi

Ki moun ba m Lespri Papa ? Jezi

Ki moun veye sou mwen ? Jezi

 

Ki moun gen pitye pou mwen ? Jezi

Ki moun Bondye mwen ? Jezi

Ki moun mete m apa pou li ? Jezi

Ki moun ba m otorité sou move lespri ? Jezi

 

Wi, Jezi k’ap fè l paske m kwè li mouri pou mwen nan kwa

Li k’ap fè l paske se li Pitit Papa ki nan syèl la

 

 

Danièle-Nicole