Se ou ki konnen m

« Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou » Jeremi 1.5

 Tu-gueris-par-ton-amour-copie-1.jpg

  

Se ou ki konnen m

  

Mwen poko menm louvri bouch mwen

Ou gentan konnen tou sa mwen pral di

Mwen poko menm di lapriyè mwen

Ou gentan konnen tou sa mwen pral di

  

Ou konnen tou sa k’ap pase nan tèt mwen

Ou konnen ki moun mwen ye Bondye m

Ou konnen tou sa mwen bezwen

Lannwit, lajounen ou wè lavi m

 

Pa gen moun ki konnen, ki renmen m kom sa

Se poukwa janm m’ap lage ou, ou ki mete m apa

 

 

Danièle-Nicole